Sekirite se Siksè...Dialog pou Lapè ak Pwogrè

Lè kominote yo ini, peyi a grandi. Lapè nan katye w se siksè pou biznis ou ak devlopman peyi a, paske yon anviwònman stab pèmèt moun travay, envesti ak kreye opòtinite san pè. Sekirite ak tèt ansanm se kle pou yon devlopman dirab, paske li fòme baz pou kwasans ekonomik ak sosyal ki soutni tout sitwayen. Peyi ki stab se peyi ki gen opòtinite pou tout moun, kote chak moun ka pran inisyativ, bati lavi yo ak kontribye nan pwogrè nasyonal la. Dialog ak respè pote lapè… lapè pote kwasans, e lè tout aktè nan kominote yo pratike respè ak dyalòg, yo bati yon fondasyon solid ki fè ekonomi an fleri, ki ogmante konfyans nan biznis epi ki prepare Ayiti pou yon avni plis pwospè ak dinamik.

Pa bliye :

Kisa sektè prive a ye?

  1. Kisa sektè prive a ye?

Sektè prive a se tout aktivite ekonomik ki jere pa moun, gwoup oswa antrepriz ki pa depann de Leta. Li gen ladan l:

Depi ou mete yon biznis sou pye pou pwodui, vann, oswa bay sèvis, kit se pou touche benefis, kit se pou kreye travay oswa mete valè nan ekonomi an, ou fè pati sektè prive a. Sa pa depann de jan ou fè l, ni gwosè aktivite an.

2)   Kisa mache enfòmèl la ye?

Mache enfòmèl la se tout aktivite ekonomik ki fèt san okenn papye ofisyèl, san Leta pa rekonèt yo. Sa vle di:

Sa gen ladan l tout moun k ap vann nan lari, atizan ki pa gen patente, chofè ki pa anrejistre, ti machann ki pa gen okenn papye pou mete biznis yo legal.

3)   Sa mache enfòmèl vle di pou Ayiti?

Nan reyalite jodi a, plis pase 90 % moun k ap travay nan peyi a ap fonksyone nan sektè enfòmèl la. Sa vle di:

Mache enfòmèl la se kè ekonomi an, men li pa gen dwa, pa gen vizibilite, pa gen aksè. Se tankou yon motè k ap mache san lwil, san plan, san sekirite.

Mache enfòmèl la fè pati sektè prive a , men se yon pati ki pa rekonèt legalman, ki pa gen aksè ak pwoteksyon sosyal, fiskal, ni finansye.

Moun ki nan enfòmèl la ap pwodui, vann, bay sèvis, mete inovasyon sou pye, men yo fè sa san sekirite:

5)   Chanm komès ki nan zòn ou la pou ou. Pa rete lwen.

Ou gen yon biznis? Ou gen yon aktivite? Ou vle mete l sou pye pou l grandi? Chanm komès ki nan depatman ou la pou ede w mete l legal, pou mete l vizib, pou pwotejel.

Li la pou ba ou enfòmasyon, konsèy, ak akonpayman pou w ka sèvi ak biznis ou kòm zouti pou devlopman.

Pa di se twòp papye. Pa di se twòp tèt chaje. Al chèche konprann. Al poze kesyon. Pwochel. Li ka pi senp pase ou panse, men fòk ou fè premye pa a.

6)   Formalize biznis ou, se mete tèt ou sou wout devlopman.

Ou gen talan

Ou gen vizyon

Ou gen dwa -  Pa kite l rete nan fènwa.

Chanm Komès ki nan depatman pa w la, la pou mete limyè sou ou.